1 Desanm 2022 – Miami-FL – Sipèsta Entenasyonal Ajanten an kap jwe nan Paris Saint-Germain peyi Lafrans, Leonel Messi, sou wout pou siyen kontra avek klèb Inter Miami CF selon enfomasyon jounal Anglè Times. Sport rapòte.
Leonel Messi ki gen 35 lane pase 21 an ap fome epi jwe pou klèb FC Barcelone avan li te transfere an Frans al jwe menm kote avek Neymar epi Mbape nan lane 2021 an.
Inter Miami te gen zye fiksye sou Messi depi lane pase a, men fwa sanble santiman an pataje bo kote tou le de pati yo pou ta jwenn yon antant selon Times Sport ki fe konnen nan pa two lontan ta sipoze gen yon anons ki fet pou anonse kontra ant 2 pati avan mache transfe a ouvri mwa Janvye 2023 kap vini an.
Gwo koesyon kap poze se konbyen kob Miami FC dispose pou ta bay Leonel Messi ki se yonn nan pi gwo jwè football nan mond la. Pou kounye la jwe ki touche plus kon nan MLS la se entènasyonal Italyen Lorenzo Insigne, ki te fè 14 milyon dola ak Toronto F.C. nan sezon 2022 la
Si Messi ak Inter Miami jwenn yon antant epi siyen kontra, lap gen pou l jwe rès kontra li a ak PSG, kap ekspire nan ete 2023 epi rejwenn inter Miami nan mitan sezon an.
Nap raple Inter Miami CF fonde en 2018 kom yon sosyete anonym ant David Bekham ak Jorge Mas