Mwen ta renmen yon moun di m eske timoun sa yo se APRANN yo APRANN fè sa yap fè a ou byen se ZONBI yo Itilize pou mache sou bwa sa yo?
Mwen sonje lontan le m timoun nan moman madigra, depi w wè yon moun ap mache sou bwa sa yo (Janm debwa) granmoun ap kouri deye w pou pa al gade oswa kanpe lwen paske se zonbi moun nan itilize pou monte bwa a, se pa li menm vre.
Menm Kontòsyonis (Moun kap fe akwobasi e ki fleksib ak kò yo). Ayisyen di w se zonbi paske moun nomal pa ka fe mouvman sa yo, aloske nan lot se yon (art) li ye, se aprann moun aprann fe li.

Ayisyen se pèp espesyal. tout sa yo pa ka eksplike, meyè fason pou eksplike li se atribye li a mistik epi yo pa bezwen okenn lot eksplikasyon. Depi yon moun mouri yo di se nan mistik yo touye li, tout moun bay vag yo pa bezwen fe otopsi. Depi yon moun malad yo di se maji li pran, bon tout moun bay vag kouche tann lanmo w. Maji ou mistik se bout refleksyon nou, si maji ka fè mal li ta sipoze ka fè byen tou.
Mantalite sa ap fe nou fè bak pi plis chak jou. Li fè nou yonn pè lòt, nou toujou ap doute nou panse moun anvi fe nou mal, li fè nou rayi kilti nou paske tout gwo pye bwa se dyab, tout kote ki gen dlo pou moun ta benyen gen mèt dlo kap manje timoun, gen la dyablès…etc.
An 2022, Ayisyen an pa janm cheke tansyon li pa janm cheke sik, kolestewol, lap manje tout kalite magi ak epis mete sou laj kap antre. Yon sel kou li santi tet li ap vire, bouch li plen dlo, li manke ka respire, li santi yon dlo si sou lestomak li, kè li ap bat fò , olye li ale nan sant sante pou yo cheke tansyon ak sik li, li gentan mete nan tet se vwazen oswa kouzen li te nan fache avek li kap manje l. Sa w tande a li pa nan route lopital anko oswa si l ale lopital li pap kite yo pran san li. Le w pa kite yo pran san w koman yap fe ba w medikaman sou ki baz yap trete w?
Bon m kite sa la. – Li lè pou nou rekonèt ke Nou se moun ki gen lespri ak yon kò fizik ki ka malad san sa pa gen anyen pou we avek mistik. Nou bezwen chanje mantalite nou sinen nou tout ap mouri akoz inyorans nou.