Li klè devan ogmantasyon san fran souf media fesbouk ak youtube yo ki fè plis mal ke byen nan entoksike popilasyon an, Haiti bezwen yon Komisyon sou Kat Idantite Pou Jounalis Pwofesyonel (Une commission de la carte d’identité des journalistes professionnels) menm jan sa fet an Frans.
Si sa pa fet deriv la ap kontinye pita ka pi tris. Komisyon sa ap gen ladan reprezantan inivesite, lekol jounalis, asosyasyon media ak asyasyon jounalis yo pou define ki kritè yon moun dwe ranpli pou travay kom jounalis pwofesyonel nan peyi a.
Objektif la se pou:
- Anpeche bandi kache deye tit jounalis epi kreye website, chanel youtube, ak paj fesbouk epi ap bay move nouvel pou twouble popilasyon,
- Pèmèt popilasyon idantifye epi chwazi ant 2 kategari yo ki se jounalis pwofesyonèl ki ap gen pou fè non yo respekte ak chalatan ki la pou fè vyouz, lajan, ak lot objektif pèsonèl.
- Diminye koripsyon nan laprès la. Nan ka gen denonsyasyon epi li ta revele yon jounalis nan pran lajan pou bay enfomasyon, Komisyon sa ap pran sanksyon oswa revoke kat pwofesyonel jounalis la.
La près se te epi toujou yon metye klas, yon metye nob, moun te konn fe konfyans ak sa yo tande nan radyo oswa we nan televizyon, men kounye a gen plis entoksikasyon ke verite ki pale. Ti gwoup moun kap fè efò yo preske pa gen moun ki tande ak gade yo. Fok gen baliz ki mete.
Marc Andre Jean